Radyoterapi nan Vant Ou

Pataje
Lè pou Li: Apeprè 25 minit

Enfòmasyon sa yo pral ede w prepare pou fè radyoterapi nan vant ou. Yo pral pèmèt ou konnen sa k pral pase anvan, pandan, ak apre tretman w lan. Epitou, yo pral pèmèt ou konnen efè segondè yo ak fason pou w pran swen tèt ou pandan ou ap fè tretman an.

Li dokiman sa a anvan w kòmanse fè radyoterapi a. Itilize li kòm yon referans anvan ou fè tretman ou yo yon fason pou w kapab prepare w otank posib. Vini avèk resous sa a nan randevou similasyon ou an ak tout pwochen randevou ou ap genyen avèk radyo-onkològ ou a. Ou menm ak ekip pwofesyonèl swen sante w la ap fè koudèy sou li pandan tout tretman an.

Konsènan radyoterapi a

Radyoterapi a itilize reyon ki gen gwo enèji pou trete kansè. Aksyon li fè a se andomaje selil kansè yo pandan li ap anpeche yo repwodui. Apresa, kò ou kapab natirèlman elimine selil ki gen kansè ki andomaje yo. Radyoterapi a afekte selil nòmal yo tou. Sepandan, selil nòmal ou genyen yo kapab repare tèt yo nan yon mannyè selil ki gen kansè yo pa kapab.

Ou pral fè yon kalite radyoterapi ki rele radyoterapi ekstèn. Pandan tretman w lan, yon machin pral dirije reyon yo dirèkteman nan timè a. Reyon an pase nan kò ou epi li detui selil ki gen kansè li jwenn sou chemen li. Ou p ap wè ni santi reyon yo.

Radyoterapi a pran tan pou li aji. Ou bezwen plizyè jou oswa semèn tretman anvan selil ki gen kansè yo kòmanse mouri. Epi yo ap kontinye mouri pandan plizyè semèn oswa plizyè mwa lè tretman an fini.

Ou kapab fè radyoterapi anvan, pandan, oswa apre operasyon an oswa chimyoterapi a.

Wòl ou jwe nan ekip radyoterapi ou

Ekip radyoterapi w la pral kole zepòl pou yo pran swen ou. Ou fè pati ekip sa a, epi wòl pa ou se:

  • Ale nan randevou ou yo alè.
  • Poze kesyon ak pale sou enkyetid ou yo.
  • Di nou lè ou genyen efè segondè yo.
  • Di nou si w genyen doulè.
  • Pran swen tèt ou lakay ou lè w:

Similasyon

Anvan ou kòmanse fè radyoterapi w la, ou pral fè yon pwosedi planifikasyon tretman ki rele similasyon. Nou fè sa pou nou asire:

  • Nou planifye kote ou ap fè tretman an.
  • Ou pran dòz reyon ki apwopriye a.
  • Dòz reyon ki ale nan tisi ki toupre yo pi piti posib.

Pandan similasyon w lan, ou pral fè imajri epi yo ap make po ou avèk ti pwen tatou. Mak sa yo pèmèt ekip ou a asire ou nan bon pozisyon pou fè radyoterapi ou yo.

Similasyon w lan ap dire 2 a 4 èdtan.

Fason pou w prepare similasyon ou an

  • Pandan similasyon ou an, ou pral kouche nan yon sèl pozisyon pandan lontan. Si w panse ou p ap alèz pou w kouche an plas, ou kapab pran asetaminofèn (Tylenol®) oswa medikaman doulè ou abitye pran an anvan similasyon w lan.
  • Si ou panse ou ka gen kè sote pandan pwosedi w la, mande doktè ou an si medikaman ka ede ou.
  • Mete rad ki pa sere ki fasil pou retire. Ou pral oblije chanje rad pou mete chemiz lopital la.
  • Pinga ou mete bijou, poud, oswa losyon.

Pou ede fè tan an pase pandan similasyon w lan, radyoterapet ou yo kapab jwe mizik pou ou.

Selon kote nan kò w yo ap fè tretman an, ou gendwa pa ka manje ni bwè anvan similasyon w lan. Doktè w oswa enfimyè w la ap pale avèk ou sou sa.

Retire aparèy yo sou po ou

Yo gendwa mete kèk aparèy sou po ou. Anvan similasyon oswa tretman w lan, fabrikan aparèy yo konseye w retire sou po ou:

  • Glikomèt pèmanan (continuous glucose monitor, CGM)
  • Ponp ensilin

Si w itilize youn nan sa yo, mande radyo-onkològ ou a si ou dwe retire li. Si w itilize youn, asire ou pote yon aparèy anplis pou w mete sou ou apre similasyon oswa tretman ou an.

Ou ka pa konnen fason pou w jere glikoz ou pandan aparèy ou a fèmen. Si se sa, anvan randevou w la, pale avèk pwofesyonèl swen sante k ap jere dyabèt ou a.

Jou similasyon w lan

Depi ou rive

Yon manm nan ekip radyoterapi w la ap anrejistre lè ou antre. Li ap mande ou pou w di ak eple non konplè ou ak dat ou fèt la plizyè fwa. Se pou sekirite ou. Li posib pou moun ki gen menm non ak ou oswa non ki sanble ak non ou ap resevwa swen menm jou ak ou.

Radyoterapet ou a ap salye w. Li ap fè foto figi ou. Yo ap itilize foto sa a pou yo idantifye ou pandan tout tretman ou an.

Apresa, radyoterapet ou a ap eksplike w sa ki pral pase pandan similasyon w lan. Si ou poko siyen yon fòm konsantman, radyo-onkològ ou an ap verifye tout bagay avèk ou, epi li ap mande ou siyen.

Li ka mande ou bwè anviwon 1 tas (8 ons) baryòm. Se yon likid kontras. Li ap pèmèt nou wè ti trip ou nan imajri nou pral fè pi devan yo.

Pandan similasyon w lan

Ou pral oblije chanje rad pou mete yon chemiz lopital pou fè similasyon w lan. Ou ta dwe kite soulye nan pye ou. Si ou mete yon bagay pou kouvri tèt ou (tankou perik, tiban, oswa kepi), ou ka oblije retire li.

Apre w fin chanje rad sou ou, radyoterapet ou yo ap mennen ou nan sal similasyon an epi yo ap ede ou kouche sou tab la. Yo ap fè tout sa yo kapab pou yo asire yo ou alèz epi ou gen entimite.

Tab la ap gen yon dra sou li, men li di epi li pa gen kousen. Epitou, sal la jeneralman fre. Si nenpòt moman ou santi w pa alèz, di radyoterapet ou yo sa. Si ou pa te pran medikaman doulè men ou panse ou ka bezwen pran li, di radyoterapet ou yo sa anvan similasyon ou an kòmanse.

Depi similasyon an kòmanse, pa bouje kò w. Mouvman an ka chanje pozisyon yo mete w la. Men, si ou pa alèz oswa ou bezwen èd, di radyoterapet ou yo sa.

Pandan similasyon w lan, ou ap santi tab la bouje nan plizyè pozisyon diferan. Limyè yo ki nan sal la pral limen tenyen epi ou ap wè limyè lazè wouj sou chak miray. Terapet ou yo itilize limyè lazè sa yo kòm yon gid ki pou pèmèt yo mete w an pozisyon sou tab la. Pinga ou gade dirèkteman nan reyon lazè yo paske yo ka andomaje je ou.

Ap genyen yon entèkòm (mikwofòn ak opalè) ak yon kamera anndan sal similasyon an. Radyoterapet ou yo pral fè antre soti nan sal la pandan similasyon ou an, men ap toujou genyen yon moun ki kapab wè ak tande ou. Ou pral tande terapet ou yo k ap koze youn ak lòt pandan yo ap travay, epi yo pral pale ak ou epi eksplike ou sa yo ap fè a.

Fason pou mete w an pozisyon

Ou pral kouche sou do oswa sou kan. Si w kouche sou do, bra ou ap leve anlè tèt ou. Ou ap rete nan menm pozisyon an pandan similasyon w lan ak chak tretman. Pou ede w rete nan bon pozisyon an, yo ka fè yon moul ak pati anlè kò ou. Radyoterapet ou yo ap fè li pou ou.

Pou radyoterapet yo fè moul la, yo ap vide likid cho nan yon gwo sak plastik. Yo ap fèmen sak la epi yo ap mete li sou tab la. Ou pral kouche sou sak la, swa sou do avèk bra w leve sou tèt ou swa sou kan.

W ap santi likid la cho okòmansman, men l ap refwadi ofiyamezi l ap di. Pandan l ap refwadi a, radyoterapet ou yo ap tepe sak la sou po w yon fason pou l pran fòm pati anlè kò w ak bra w. Sa ap pran anviwon 15 minit.

Ou ap kouche nan moul sa a pandan similasyon ou epi pandan chak tretman ou yo. Sa pèmèt yo asire yo ou nan bon pozisyon an pandan chak tretman.

Imajri

Ou pral fè imajri pandan w nan pozisyon tretman an. Yo ap kreye imaj sa yo nan yon machin ki rele similatè oswa machin eskanè (computed tomography, CT). Yo ap sèvi ak eskanè yo sèlman pou yo planifye zòn tretman ou an.  Yo pa itilize yo pou fè dyagnostik ni pou detekte timè.

Si w ap fè yon eskanè, enfimyè w la gendwa mete yon tib nan youn nan venn ou yo. Li pral itilize tib la pou l ba ou kontras anvan w fè eskanè a. Li pèmèt ekip ou a jwenn imaj klè ki montre kote pou fè tretman an.

Ou gendwa oblije kenbe souf ou lè w ap fè eskanè a. Radyoterapèt ou yo ap di w jan pou fè l ak lè pou fè l.

Pandan ou ap fè eskanè a(yo), ou pral tande machin lan ki ap louvri epi etenn. Menm si bri a sanble fò, radyoterapet ou yo ap an mezi pou yo tande ou si w pale avèk yo.

Imajri a(yo) ap pran anviwon 45 minit.

Mak sou po (tatou)

Pandan w kouche nan pozisyon pou fè tretman an, radyoterapet ou yo ap fè yon desen sou po ou avèk yon fet. Ou kapab retire mak ki fèt ak fet yo apre similasyon ou an.

Epitou, ou ap bezwen mak pèmanan sou po ki rele tatou. Mak tatou yo pa pi gwo pase tèt yon zepeng. Radyoterapet ou yo ap itilize yon zegui esteril epi yo ap lage yon gout lank pou yo fè chak tatou. Lè ou ap fè yo, ou ap santi se tankou yon piki.  Tatou yo ap rete nèt. Dlo p ap kapab retire yo. Si ou gen enkyetid sou fason pou w fè tatou nan kad tretman ou ap fè ak reyon an, pale avèk radyo-onkològ ou.

Ou ap gen 5 a 7 tatou kote ou ap fè tretman an. Apre terapet ou yo fin fè tatou yo, yo ap fè foto pou ou nan pozisyon tretman w lan. Yo ap itilize foto yo ak mak tatou yo pou yo mete w nan yon bon pozisyon sou tab la chak jou pandan tretman ou an.

Apre similasyon ou an

Nan fen randevou similasyon w lan, nou ap pran yon randevou pou pwosedi preparasyon ou an. Se dènye randevou anvan tretman w lan kòmanse Epitou, yo ap ba ou yon machin pou tretman ou ap fè chak jou a.

Fason pou pwograme tretman ou an

Nou fè radyoterapi chak jou, lendi rive jiska vandredi. Ekip swen w lan ap di w konbyen semèn radyoterapi w la ap dire.

Ou gendwa fè chimyoterapi ak radyoterapi menm jou a. Ou kapab fè chimyoterapi swa anvan swa apre radyoterapi w la.

Fòk ou vini chak jou ou gen randevou pou tretman an. Radyoterapi w la gendwa pa fonksyone twò byen si w sote oswa rete tretman yo. Si w oblije rate yon tretman pou yon rezon, fòk ou rele klinik radyo-onkològ ou a pou w fè ekip ou a konnen sa. Si ou bezwen chanje orè w la pou nenpòt rezon, pale avèk moun ki pran randevou a oswa rele klinik doktè w la.

Fason pou planifye tretman w lan

Pandan moman ant similasyon w lan ak pwosedi preparasyon w lan, radyo-onkològ ou an ap travay avèk yon ekip pou li planifye tretman w lan. Yo pral itilize imaj yo pran pandan similasyon w lan pou yo planifye ang ak fòm reyon yo. Epitou, yo pral detèmine dòz reyon ou pral resevwa a. Yo ap byen planifye ak verifye detay sa yo. Sa ap pran ant 5 jou ak 2 semèn.

Pwosedi preparasyon

Anvan ou fè premye tretman w lan, ou ap fè yon pwosedi preparasyon. Pwosedi sa a jeneralman pran apeprè 1 èdtan. Si medikaman kont doulè oswa anksyete te ede ou pandan similasyon w lan, ou ka oblije pran li anvan pwosedi sa a.

Lè ou rive pou fè pwosedi preparasyon ou an, yo ap mennen ou nan sal kote moun abiye a epi mande ou pou chanje rad sou ou pou mete yon chemiz lopital.

Radyoterapet ou yo ap mennen ou nan sal kote ou pral resevwa tretman w lan chak jou. Yo ap mete ou an pozisyon sou tab la. Ou pral kouche egzakteman jan ou te kouche pandan jou similasyon ou an.

Yo pral fè kèk radyografi espesyal ki rele fim reyon pou yo asire yo pozisyon ou pran an ak zòn kote yo ap fè tretman an kòrèk. Epitou, yo ap pran fim reyon yo anvan w fè yon pati nan lòt tretman ou yo.  Yo pa itilize yo pou wè fason timè ou an reyaji fas ak tretman an.

Selon plan tretman ou an, ou gendwa kòmanse tretman an menm jou ak pwosedi preparasyon ou an oswa youn (1) a de (2) jou apre.

Pandan tretman ou an

Pou chak tretman w yo, anrejistre nan resepsyon an epi chita nan saldatant lan. Lè radyoterapet ou yo pare pou ou, yo ap mennen ou nan sal kote moun abiye a epi mande ou pou chanje rad sou ou pou mete yon chemiz lopital. Kite soulye oswa tenis ou nan pye ou pandan tretman w lan.

Radyoterapet ou yo ap mennen ou nan sal tretman an. Yo ap ede ou kouche sou tab la. Yo pral mete w an pozisyon egzakteman fason ou te kouche pandan pwosedi preparasyon ou an.

Kou radyoterapet ou yo fin mete ou nan bon pozisyon an, yo ap soti nan sal la, fèmen pòt la, epi kòmanse tretman ou an. Ou pa pral wè ni santi reyon yo, men ou ka tande machin lan pandan li bouje sou kote ou epi pandan yo louvri epi fèmen li. Ou ap nan sal tretman an pandan anviwon 30 minit, selon plan tretman w lan. Yo pral pase pifò tan sa a pou yo mete ou nan bon pozisyon an. Tretman an pran sèlman kèk minit.

Ou ap poukont ou nan sal la pandan tretman w lan, men radyoterapet ou yo ap kapab wè ou sou yon ekran epi yo ap tande ou nan yon entèkòm toutan. Yo ap asire yo ou alèz pandan tretman w lan.

Respire nòmalman pandan tretman w lan, men pa souke kò ou. Men, si ou pa alèz oswa ou bezwen èd, di radyoterapet ou yo sa. Yo kapab kanpe machin lan pou yo vin wè ou nenpòt ki lè, si sa nesesè.

Ni ou menm ni rad ki sou ou yo p ap vin radyo-aktif pandan oswa apre tretman an. Pa gen pwoblèm pou w gen lòt moun bòkote ou.

Vizit chak semèn pandan tretman w lan

Radyo-onkològ ou a ak enfimyè w la ap wè ou chak semèn pou yo poze w kesyon sou efè segondè ou genyen yo, pale avèk ou sou enkyetid ou yo, epi reponn kesyon ou yo. Vizit sa a ap fèt anvan oswa apre tretman ou yo chak __________________. Ou ta dwe prevwa pou w nan randevou ou an anviwon 1 èdtan anvan nan jou sa yo.

Si ou bezwen pale avèk radyo-onkològ ou a oswa enfimyè radyoterapi ou an nenpòt lè ant vizit chak semèn sa yo, rele klinik radyo-onkològ ou an. Epitou, ou kapab mande pèsonèl sipò a oswa radyoterapet ou yo pou yo kontakte radyo-onkològ ou a oswa enfimyè w la lè w vini pou fè tretman an.

Vitamin ak sipleman alimantè pandan radyoterapi

Ou mèt pran yon miltivitamin pandan radyoterapi w la. Pinga ou pran plis pase kantite yo rekòmande w pran chak jou a (recommended daily allowance, RDA) nan nenpòt vitamin oswa mineral.

Pinga ou pran okenn lòt sipleman san ou pa pale avèk yon moun nan ekip swen w lan. Vitamin, mineral, ak sipleman ki fèt ak fèy se egzanp sipleman alimantè.

Efè segondè tretman an

Ou gendwa gen efè segondè akoz radyoterapi a. Kalite efè segondè yo ak jan yo grav la depannde plizyè bagay. Bagay sa yo gen ladan yo dòz reyon yo, kantite tretman, ak sante ou an jeneral. Efè segondè yo ka pi grav si w ap fè chimyoterapi tou.

Anba a genyen efè segondè moun konnen plis radyoterapi nan vant lan bay. Ou gendwa genyen tout, detwa, oswa okenn nan sa yo. Enfimyè w la ap pale avèk ou sou efè segondè ou gen plis chans pou genyen yo.

Pèt apeti

Apeti ou ka diminye pandan w ap resevwa tretman an. Men, kò w bezwen pwoteyin ak kalori. Yo ede repare selil nòmal ki pran chòk nan reyon yo. Epitou, si w itilize yon moul pandan tretman w yo, li gendwa pa byen chita sou ou si pwa ou chanje. Eseye pa megri pandan w ap fè tretman w lan.

  • Se pou chwazi sa w ap manje pou asire w ogmante kantite kalori ak pwoteyin nan kò ou. Nou ap ba ou resous la Eating Well During Your Cancer Treatment. Li genyen anpil konsèy ladan l. Eseye manje yo rekòmande yo.
  • Eseye manje plizyè ti repa souvan pandan tout jounen an.
  • Si w pa santi w grangou souvan, fè yon plan pou asire w manje regilyèman. Pa egzanp, fè yon plan pou w manje chak 2 èdtan.
  • Manje repa w yo yon kote ki trankil. Pran tan w pou manje. Manje avèk fanmi w oswa zanmi w nenpòt lè w kapab.
  • Chwazi manje ki gen koulè ak konsistans diferan pou w fè repa w yo parèt pi enteresan.
  • Pote ti goute ak bwason lè w ale nan randevou tretman w yo. Ou kapab manje yo pandan w nan saldatant lan oswa pandan w ap vini oswa soti nan randevou w yo.
  • Bwè sipleman alimantè ki likid si w p ap manje ase manje. Genyen plizyè pwodui ki disponib, epi yo vini nan plizyè gou. Mande doktè ou oswa enfimyè w la ki pwodui ki pi bon pou ou.

Anvi vomi oswa vomisman

Anvi vomi an se lè ou deranje epi ou santi ou ka vomi. Ou ka gen anvi vomi, vomisman, oswa toude pandan tretman w lan. Sa gendwa rive depi nan premye tretman an.

Si ou gen anvi vomi oswa vomisman, di doktè oswa enfimyè w la sa. Yo kapab preskri w medikaman pou soulaje w. Pran medikaman ki pou anpeche w vomi 1 èdtan anvan w ale nan chak randevou tretman. Li ka bon tou pou chanje rejim alimantè w pandan w ap fè tretman an.

Anba a genyen konsèy ki pou ede ou jere anvi vomi an epi asire w manje manje ak bwè likid ki sifizan.

  • Manje repa ki lejè anvan w ale nan chak randevou tretman.
  • Bwè yon vyepti kantite likid avèk repa w yo pou anpeche vant ou twò plen oswa balonnen.
  • Bwè ti gòje likid ant repa w yo pandan tout jounen an. Li ka bon pou w itilize yon chalimo. Eseye glase bwason ou pi renmen yo nan plato glason epi souse yo pandan jounen an.
  • Chwazi manje ki p ap ba w anvi vomi, tankou:
    • Manje ki nan tanperati nòmal oswa ki pi fre
    • Likid ki refwadi oswa ki glase
    • Manje ki sèk, ki gen anpil amidon tankou pen griye, bonbon sèl ki gen bikabonat, pen griye ki gen pèch melba, sereyal sèch, pretzèl, ak ti gato
    • Yogout, sòbè, ak likid klè (tankou ji pòm, Jell-O®, ak kola ki fèt ak jenjanm)
    • Vyann poul oswa kodenn ki frèt, ki pase nan fou oswa ki boukannen, san po
    • Fwi ak legim ki mou
  • Evite manje ak likid ki ka agrave anvi vomi an, tankou:
    • Manje cho ki santi fò
    • Manje ki gen epis, matyè gra, grès, ak fritay
    • Manje ki dous anpil
    • Manje ak ji ki gen asid oswa zès (tankou zoranj, chadèk, anana, ak tomat)
    • Alkòl
  • Si w gen anvi vomi, eseye manje ti kantite manje ki sèk, ki gen anpil amidon (tankou egzanp sa ki pi wo yo). Epitou, ou kapab eseye bwè te jenjanm depi pa gen okenn maleng nan bouch ou. Si w kòmanse santi w mye, eseye manje plizyè ti repa souvan.

Doulè oswa difikilte pou vale, kè brile, oswa deranjman

Si ezofaj ou twouve li nan zòn kote w ap fè tretman an, ou gendwa gen difikilte pou vale oswa doulè lè ou vale. Si vant ou twouve li nan zòn kote w ap fè tretman an, ou gendwa gen kè brile oswa deranjman. Efè segondè sa yo souvan kòmanse nan dezyèm oswa twazyèm semèn tretman an. Yo kapab dire jiska 2 semèn apre w fin fè tretman an.

Li enpòtan pou w jere efè segondè sa yo pou w ka manje, bwè, ak jwenn ase nitrisyon pandan tretman w lan. Ou kapab pran sipleman likid si w pa manje kantite manje ki sifizan. Genyen plizyè pwodui ki disponib, epi yo vini nan tout kalite gou. Pale avèk doktè w oswa enfimyè ou sou fason pou w chwazi sa k ap pi bon pou ou a. Epitou, ou kapab mande pou pran yon randevou avèk yon dyetetisyen si w bezwen yon moun ede w avèk rejim alimantè w la.

Fè doktè oswa enfimyè w la konnen si ou genyen youn nan efè segondè sa yo. Yo ap ba w medikaman pou soulaje w. Epitou, ou kapab suiv konsèy ki anba yo.

Si w gen doulè oswa pwoblèm pou vale:

  • Evite manje ak bwason ki ka irite ezofaj ou, tankou:
    • Manje ak likid ki cho anpil
    • Manje ki sèk, ki di, epi ki pwès (tankou pòmdetè fri, pretzèl, ak bonbon sèl)
    • Epis (tankou pwav, piman, sòs Tabasco®, ak kòri)
    • Manje ak ji ki gen asid oswa zès (tankou zoranj, chadèk, anana, ak tomat)
    • Manje ak bwason ki gen kafeyin (tankou kafe, te, kola, ak chokola)
    • Alkòl
    • Tabak
  • Pran ti moso manje epi byen mastike anvan w vale.
  • Manje manje ki mou, imid, oswa ki pire. Manje sa yo gendwa pi fasil pou vale. Epitou, ou kapab eseye ajoute sòs ak ji vyann nan manje yo.
  • Manje manje epi bwè likid ki glase pou ede w soulaje gòj ou. Gen kèk moun ki sitou jwenn soulajman nan nekta fwi yo.
  • Si w gen pwoblèm pou vale grenn, mande doktè oswa enfimyè w la si medikaman an vini sou fòm likid. Sinon, gen anpil grenn ou kapab kraze pou pran avèk manje ki mou tankou sòs pòm. Men, pale avèk doktè, enfimyè, oswa famasyen w lan anvan w fè sa. Lè w kraze kèk medikaman, sa afekte fason yo aji.

Si w gen kè brile:

  • Pinga ou manje lè w pral dòmi. Li pi bon pou pifò moun evite manje yon bagay pandan anviwon 30 minit anvan yo dòmi.
  • Chita dwat pandan omwen 30 minit apre chak repa. Sa ap anpeche ji ki nan vant ou an retounen nan ezofaj ou.

Dyare

Ou ka remake w gen chanjman ki fèt nan fason ou ale alasèl pandan w ap fè tretman an. Ou gendwa wè ou ale alasèl pi souvan epi poupou a ka pi mou pase jan li abitye ye a. Epitou, ou gendwa vin gen dyare. Efè segondè sa yo kapab kòmanse pandan premye semèn tretman w lan epi yo kapab dire jiska 2 a 4 semèn apre w fin fè tretman an.

Anba a genyen konsèy ki pou ede w jere dyare a ak lòt chanjman ki fèt nan fason ou ale alasèl. Suiv konsèy sa yo jiskaske abitid poupou w retounen jan li abitye ye a.

  • Manje manje ki gen tikal fib, tikal grès, epi ki pa gen laktoz. Enfimyè w la ap ba w resous la . Lè abitid poupou w retounen jan li abitye ye a, ou kapab kòmanse ajoute manje ou abitye manje yo tikal pa tikal.
  • Eseye bwè 2 a 3 ka (8 a 10 tas) likid pandan tout jounen an. Sa ap pèmèt ou ranplase dlo ak sèl ou pèdi nan poupou a.
    • Chwazi bwason tankou Gatorade®, ji, ak nekta. Li pi bon pou w dekoupe yo (ajoute yon ti dlo) anvan pou yo pa twò fò. Soup ak bouyon ki pa gen ki gen matyè gra ak Pedialyte® se bon chwa tou.
    • Pa pran twòp bwason ki gen kafeyin (tankou kafe, te, ak kola) paske yo kapab fè ou dezidrate plis.
  • Manje fig mi ak pòmdetè san po. Yo ap pèmèt ou ranplase sèl ou ka pèdi lè w gen dyare.
  • Evite tout manje oswa bwason ki agrave sentòm ou yo.
  • Pran medikaman kont dyare, tankou loperamid (Imodium®). Ou kapab achte li nan famasi san preskripsyon. Doktè w la gendwa preskri w lòt medikaman.

Reyaksyon ki fèt sou po ak nan cheve

Pandan radyoterapi a, po ak cheve ou genyen nan zòn tretman an ka chanje. Li gendwa fèt alafwa sou vant ou ak nan do w kote ki gen reyon sou kò ou. Se yon bagay ki nòmal.

  • Apre 2 a 3 semèn, po ou gendwa vin wòz oswa bwonze. Pi lwen nan tretman w lan, po ou gendwa vin wouj vif oswa nwa fonse.
  • Ou ka wè po w blanch, l ap grate w epi l ap fè kal.
  • Ou gendwa gen yon demanjezon, sitou nan zòn kote po w te jwenn avèk solèy la. Si sa rive, di doktè oswa enfimyè w la sa. Epitou, yon demanjezon kapab se yon siy ki di w gen enfeksyon.
  • Kote ki sansib nan po a ka gen zanpoud, maleng, epi li ka ap dekale. Si sa rive, di doktè oswa enfimyè w la sa.
  • Ou ka pèdi kèk pye cheve oswa tout cheve ki nan zòn kote w ap fè tretman an. An jeneral, cheve a ap repouse 3 a 6 mwa apre ou fin fè tretman an.

Po ou ap geri tikal pa tikal apre w fin fè tretman an, men li souvan pran 3 a 4 semèn. Pafwa, reyaksyon sou po a agrave pandan semèn apre w fin fè tretman an. Si sa rive, rele doktè oswa enfimyè w la.

Enfimyè w la ap montre ou jan pou w pran swen po w. Li ap mete pansman espesyal oswa krèm sou li, si sa nesesè. Doktè w la ka kanpe tretman w lan jiskaske po w geri.

Suiv konsèy anba yo pou ka pran swen po w. Kontinye suiv yo jiskaske po ou amelyore. Konsèy sa yo gen pou wè sèlman ak po ki kote ou ap fè tretman an.

Kenbe po ou pwòp

  • Benyen chak jou. Sèvi ak dlo tyèd ak yon savon ki pa fò epi ki pa gen sant (tankou Neutrogena®, Dove®, savon tibebe, Basis®, oswa Cetaphil®). Byen rense po ou epi fè ti tape li pou w seche l avèk yon sèvyèt swa.
  • Lè w ap fè twalèt ou, ale dousman avèk po ki nan zòn kote ou ap fè tretman an. Pinga ou itilize gan twalèt, chifon, oswa bwòs.
  • Mak tatou ou te resevwa anvan tretman an ap rete nèt. Dlo p ap kapab retire yo. Yo ka fè lòt mak sou ou pandan tretman an. Yo ka fè yon fòm nan zòn kote ou ap fè tretman an avèk yon makè. Ou kapab retire mak sa yo avèk luil mineral lè radyoterapet ou yo ba w otorizasyon.
  • Pa itilize alkòl ni tanpon ki gen alkòl sou po nan zòn kote ou ap fè tretman an.

Idrate po ou souvan

  • Kòmanse itilize yon idratan lè w kòmanse fè tretman an. Sa kapab pèmèt ou minimize reyaksyon ki fèt sou po a. Ou kapab itilize yon idratan san preskripsyon.
    • Itilize yon idratan ki pa genyen okenn bon sant oswa lanolin. Enfimyè w la gendwa konseye w yon idratan pou w itilize.
    • Pinga ou itilize plizyè idratan an menm tan, sof si enfimyè w la di w itilize plizyè.
  • Si w ap itilize yon idratan, mete li 2 fwa pa jou.

Evite irite po ki nan zòn kote ou ap fè tretman an

  • Si po ou ap grate w, pa fwote li. Mete idratan. Mande enfimyè w la konsèy sou fason pou w soulaje demanjezon an. Li gendwa ba ou yon preskripsyon pou achte medikaman pou trete po grate a.
  • Mete rad ak souvètman koton ki laj sou zòn kote ou ap fè tretman an. Evite mete rad sere ki pral fwote sou po w.
  • Itilize sèlman idratan, krèm, oswa losyon ou te pale sou yo avèk radyo-onkològ oswa enfimyè ou an.
  • Pinga ou itilize makiyaj, pafen, poud, oswa krèm apre razaj sou po ki nan zòn kote ou ap fè tretman an.
  • Pinga ou raze nan zòn kote ou ap fè tretman an. Si ou oblije raze, itilize sèlman yon razwa elektrik. Sispann raze si po ou vin irite.
  • Pinga ou mete adezif sou kote ou ap fè tretman an.
  • Pinga ou kite po ki kote ou ap fè tretman an jwenn avèk tanperati ki cho oswa ki frèt anpil. Sa gen ladan benwa, boutèy dlo, kousen elektrik, vesi glas.
  • Si ou pa genyen okenn reyaksyon ki fèt sou po w, ou kapab naje nan yon pisin ki gen klorin ladan li. Benyen tousuit apre w fin soti nan pisin nan pou ka retire klorin nan sou po w.
  • Evite bwonze oswa brile po w. Si w pral ekspoze nan solèy la:
    • Itilize yon pomad solèy ki san PABA ki gen yon SPF ki 30 oswa plis.
    • Mete rad ki laj ki kouvri yon bon pati nan po ki nan zòn kote ou ap fè tretman an.

Epizman

Epizman an se lè ou santi ou fatige oswa fèb, ou pa vle fè anyen, ou pa kapab konsantre, oswa ou santi ou lan. Ou ka devlope epizman apre 2 a 3 semèn tretman, epi li ka soti nan lejè rive nan grav. Epizman an ap disparèt tikal pa tikal apre w fin fè tretman an, men li kapab dire plizyè mwa.

Genyen plizyè rezon ki fè ou ka devlope epizman pandan tretman an, tankou:

  • Efè reyon yo sou kò ou.
  • Deplasman pou ale ak soti nan tretman yo.
  • Lè ou pa repoze ase nan somèy ou nan nuit.
  • Lè w pa pran ase pwoteyin ak kalori.
  • Lè ou gen doulè oswa lòt sentòm.
  • Lè ou santi ou enkyè oswa deprime.
  • Efè segondè kèk medikaman.

Ou ka konstate epizman ou an pi grav pandan kèk moman nan jounen an. Anba a genyen konsèy ki pou ede ou jere epizman ou an.

Fason pou w jere epizman

  • Si w ap travay epi ou santi w byen, kontinye travay. Men, lè ou travay mwens, sa ka pèmèt ou genyen plis enèji.
  • Planifye aktivite ou fè chak jou yo. Panse ak bagay ou dwe fè oswa bagay ki pi enpòtan pou ou. Fè aktivite sa yo lè w genyen plis enèji pou fè yo.
  • Planifye tan pou w repoze oswa fè ti kabicha (10 a 15 minit) pandan jounen an, sitou lè ou santi w plis fatige. Lè w ap fè yon kabicha, eseye dòmi pandan mwens pase 1 èdtan alafwa.
  • Eseye dòmi pandan 8 èdtan oswa plis chak swa. Sa ka reprezante plis somèy pase kantite somèy ou bezwen anvan kòmansman radyoterapi a.
    • Lè w fè aktivite fizik pandan jounen an, sa kapab pèmèt ou dòmi pi byen nan nuit. Pa egzanp, si ou kapab fè egzèsis fizik, ou kapab al mache, fè yoga, oswa monte bisiklèt.
    • Lè w detann ou anvan w al kouche, sa kapab pèmèt ou dòmi pi byen nan nuit tou. Pa egzanp, ou kapab li yon liv, rezoud yon kastèt chinwa, koute mizik oswa fè aktivite ki pou detann ou nan tan lib ou.
    • Epitou, ou ka twouve li itil pou w ale kouche pi bonè nan aswè epi leve pi ta nan maten.
  • Mande fanmi ak zanmi ede w fè aktivite tankou fè pwovizyon, fè manje ak fè netwayaj. Pale avèk konpayi asirans ou an pou w konnen si li peye pou sèvis swen adomisil yo.
  • Ou gendwa genyen plis enèji si w fè egzèsis fizik. Mande doktè ou an si ou kapab fè egzèsis fizik lejè tankou mache, detire kò, oswa yoga.
  • Manje manje epi bwè likid ki gen anpil pwoteyin ak kalori. Pou w jwenn plis enfòmasyon sou jan pou manje pandan tretman an, li dokiman an Eating Well During Your Cancer Treatment.
  • Mande radyo-onkològ oswa enfimyè ou an pou li ede w jere nenpòt lòt efè segondè ou genyen. Doulè, anvi vomi, dyare, difikilte pou dòmi oswa lè ou santi ou deprime oswa gen kè sote kapab ogmante epizman ou an.

Chanjman ki fèt nan kantite globil ou yo

Mwèl zo a se sibstans ki anndan zo ou ki pwodui globil yo. Ou genyen 3 kalite globil:

  • Globil blan ki lite kont enfeksyon.
  • Plakèt ki pèmèt san w kaye lè w blese tèt ou.
  • Globil wouj ki pote oksijèn ou bezwen pou gen enèji.

Ou gendwa gen yon kantite globil ki diminye lè gen gwo zòn mwèl zo ki twouve l nan zòn kote ou ap fè tretman an. Chimyoterapi a kapab fè enpak sou kantite globil ou yo tou.

Nou pral suiv kantite globil ou genyen gras ak yon tès san ki rele emogram (complete blood count, CBC). Si kantite globil ou bese, nou gendwa kanpe tretman w lan jiskaske nivo a ogmante. Nou pral pale sou sa avèk ou si sa rive.

Sante seksyèl

Ou ka gen enkyetid sou fason kansè ak tretman ou an ka afekte seksyalite ou. Ou pa radyo-aktif. Ou pa kapab transmèt reyon yo bay okenn lòt moun. Kidonk, pa gen pwoblèm pou w an kontak sere avèk lòt moun.

Ou kapab fè aktivite seksyèl pandan ou ap fè tretman avèk reyon an, sof si radyo-onkològ ou a pase ou lòt enstriksyon. Men, si ou menm oswa moun ou nan relasyon avèk li a kapab fè pitit, nou dwe fè planin pou nou evite gwosès pandan ou ap fè tretman an.

American Cancer Society genyen resous ki pale sou pwoblèm sante seksyèl pandan tretman kansè. Sa ki pou gason an rele Sex and the Man with Cancer (Sèks kay Gason ki gen Kansè a). Sa ki pou fanm nan rele Sex and the Woman with Cancer (Sèks kay Fanm ki gen Kansè a). Ou kapab chèche yo sou www.cancer.org oswa rele nan 800-227-2345 pou w jwenn yon kopi.

Epitou, MSK gen pwogram sou sante seksyèl pou li ede ou jere enpak maladi ak tretman ou an sou sante seksyèl ou. Ou kapab wè avèk yon espesyalis anvan, pandan, oswa apre tretman ou an.

Sante emosyonèl

Dyagnostik ak tretman kansè kapab ba ou anpil estrès epi li kapab akable ou anpil. Ou ka santi:
  • Ou gen kè sou biskèt oswa ou estrese
  • Ou gen laperèz
  • Ou poukont ou
  • Ou fache
  • Ou deprime
  • Ou san defans
  • Ou fristre
  • Ou angoudi
  • Ou gen dout
  • Ou enkyete

Epitou, ou ka santi ou pa alèz pou di patwon w lan ou genyen kansè oswa pou li peye frè medikal ou yo. Ou ka gen enkyetid sou fason relasyon familyal ou ka chanje, oswa ou ka pè pou kansè a pa rechite. Ou ka gen enkyetid sou fason tretman kansè a pral afekte kò w, oswa ou ka ap mande tèt ou si w ap kapab toujou fè aktivite seksyèl.

Se nòmal pou enkyete w pou tout bagay sa yo. Tout kalite santiman sa yo nòmal lè ou menm oswa yon moun ou renmen soufri yon maladi grav. Nou la pou nou sipòte ou.

Fason pou w jere santiman ou

Pale avèk lòt moun. Lè moun yo eseye pwoteje youn lòt nan kache sa yo santi, yo kapab santi yo poukont yo. Lè ou pale, sa kapab ede moun ki bòkote ou yo konnen sa ki nan panse ou. Sa ka vo lapèn pou w pale sou santiman ou avèk yon moun ou fè konfyans. Pa egzanp, ou kapab pale avèk mari/madanm ou oswa mennaj ou, yon zanmi pwòch, oswa fanmi ou. Epitou, ou kapab pale avèk yon omonye (konseye espirityèl), enfimyè, travayè sosyal, oswa sikològ.

Vin mann yon gwoup sipò. Lè ou fè konesans lòt moun ki gen kansè, sa ap ba w yon chans pou w pale sou santiman ou yo epi aprann nan men lòt moun. Ou kapab aprann fason lòt moun fè fas kare avèk kansè yo a epi tretman yo a epi yo kapab raple w pa poukont ou nan lit la.

Nou konnen tout dyagnostik kansè ak moun ki fè kansè yo pa menm. Nou ofri gwoup sipò pou moun ki genyen menm dyagnostik oswa idantite. Pa egzanp, ou kapab antre nan yon gwoup sipò pou moun ki fè kansè tete oswa pou moun LGBTQ+ ki fè kansè. Pou w jwenn enfòmasyon sou gwoup sipò MSK yo, ale sou www.msk.org/vp. Epitou, ou kapab pale avèk radyo-onkològ ou a, enfimyè w la, oswa travayè sosyal ou a.

Eseye detant ak meditasyon. Kalite aktivite sa yo kapab ede ou santi w rilaks ak trankil. Ou ka eseye imajine ou yon kote ou renmen. Pandan w ap fè sa, respire tou dousman. Prete atansyon ak chak respirasyon oswa koute yon mizik oswa son ki kalme lespri ou. Pou kèk moun, lapriyè se yon lòt mwayen meditasyon. Ale sou www.msk.org/meditations pou w jwenn meditasyon gide pwofesyonèl Medsin Entegre nou yo dirije.

Egzèsis fizik. Anpil moun konstate mouvman lejè, tankou mache, monte bisiklèt, yoga oswa ayewobi nan dlo ede yo santi yo pi byen. Pale avèk pwofesyonèl swen sante w la sou kalite egzèsis fizik ou kapab fè.

Nou tout genyen pwòp fason pa nou pou nou jere sitiyasyon ki difisil yo. Nou souvan itilize nenpòt sa ki te mache pou nou oparavan. Men, pafwa sa pa ase. Nou ankouraje ou pale avèk doktè ou, enfimyè ou, oswa travayè sosyal ou sou enkyetid ou yo.

Apre tretman ou an

Asire ou ale nan randevou suivi ou genyen avèk radyo-onkològ ou a. Pandan randevou sa yo, radyo-onkològ ou a ap evalye jan w reyaji fas ak tretman an. Ou ka oblije fè egzamen san, radyografi, ak eskanè pandan vizit sa yo.

Anvan w ale nan chak randevou suivi, note kesyon ak enkyetid ou yo. Pote fèy papye sa a ak yon lis ki gen tout medikaman w ap pran yo nan randevou a. Si medikaman ou bezwen an prèske fini, di radyo-onkològ ou a sa anvan li fini nèt. Epitou, ou kapab rele radyo-onkològ ou a oswa enfimyè w la nenpòt lè si ou gen nenpòt kesyon oswa enkyetid.

Lè pou rele pwofesyonèl swen sante ou

Rele radyo-onkològ ou a oswa enfimyè w la si ou genyen:

  • Yon lafyèv 100.4 degre farennay (38 degre sèlsiyis) oswa pi wo.
  • Frison.
  • Malèz nan zòn tretman an.
  • Nenpòt nouvo sentòm oswa sentòm ou pa abitye genyen.

Enfòmasyon pou pran kontak

Si ou genyen kesyon oswa enkyetid, pale avèk yon moun nan ekip radyoterapi ou an. Ou kapab kontakte yo lendi jiska vandredi soti 9è nan maten rive 5è nan apremidi

Apre 5è nan aprèmidi, pandan wikenn, ak jou ferye, rele nan 212-639-2000. Mande pou radyo-onkològ ki disponib lan.

Resous yo

Sèvis sipò MSK yo

Sant ki bay Konsèy
www.msk.org/counseling
646-888-0200
Anpil moun konstate lè yo ba yo konsèy, sa ede yo. Sant ki bay konsèy nou yo bay moun, koup, fanmi, ak gwoup moun konsèy. Epitou, nou kapab preskri medikaman ki pou soulaje w si w gen kè sote oswa deprime. Pou w pran yon randevou, mande pwofesyonèl swen sante w la yon referans oswa rele nan nimewo ki anwo a.

Pwogram Medsin Seksyèl Fanm ak Sante Fanm
646-888-5076
Kansè ak tretman kansè kapab afekte sante seksyèl ou, fètilite ou, oswa toude. Pwogram Medsin Seksyèl Fanm ak Sante Fanm nou an kapab ede rezoud pwoblèm sante seksyèl, tankou rete anvan lè oswa pwoblèm fètilite. Nou kapab ede w anvan, pandan, oswa apre tretman an. Rele pou w jwenn plis enfòmasyon oswa pou w pran yon randevou.

Sèvis Medsin Entegre
www.msk.org/integrativemedicine
Sèvis Medsin Entegre nou an ofri plizyè sèvis pou konplete (mache kòtakòt avèk) swen medikal tradisyonèl yo, tankou terapi mizikoterapi, terapi kò ak lespri, terapi avèk dans ak mouvman, yoga, ak terapi avèk men. Pou w pran yon randevou pou sèvis sa yo, rele nan 646-449-1010.

Epitou, ou kapab planifye yon konsiltasyon avèk yon pwofesyonèl swen sante ki nan Sèvis Medsin Entegre a. Li ap ede w fè yon plan pou w viv an sante epi jere efè segondè yo. Pou w pran yon randevou, rele nan 646-608-8550.

Pwogram Medsin Seksyèl ak Repwodiktif Gason
646-888-6024
Kansè ak tretman kansè kapab afekte sante seksyèl ou, fètilite ou, oswa toude. Pwogram Medsin Seksyèl ak Repwodiktif Gason nou an kapab ede rezoud pwoblèm sante seksyèl, tankou pwoblèm bann (erectile dysfunction, ED). Nou kapab ede w anvan, pandan, oswa apre tretman an. Rele pou w jwenn plis enfòmasyon oswa pou w pran yon randevou.

Sèvis Nitrisyon
www.msk.org/nutrition
212-639-7312
Sèvis Nitrisyon nou an bay konsèy nan zafè nitrisyon avèk youn nan dyetetisyen-nitrisyonis nou yo. Dyetetisyen-nitrisyonis klinik ou an ap pale avèk ou sou abitid manje ou genyen yo. Epitou, li kapab ba ou konsèy sou sa pou w manje pandan ak apre tretman an. Pou w pran yon randevou, mande yon moun ki nan ekip swen w lan yon referans oswa rele nan nimewo ki anwo a.

Pwogram Resous pou Lavi Apre Kansè (Resources for Life After Cancer, RLAC)
646-888-8106
Nan MSK, laswenyay pa fini apre tretman an. Pwogram RLAC la se pou pasyan yo ak fanmi yo ki fin fè tretman.

Pwogram nan genyen plizyè sèvis. Nou bay seminè, atelye, gwoup sipò, ak konsèy sou lavi apre tretman an. Epitou, nou kapab ede rezoud pwoblèm asirans ak pwoblèm anplwa.

Pwogram Tretman MSK pou Moun ki Konsome Tabak
www.msk.org/tobacco
212-610-0507
MSK genyen espesyalis ki kapab ede w kite fimen. Pou w jwenn plis enfòmasyon sou Pwogram Tretman pou Moun ki Fimen Tabak nou an, rele nan 212-610-0507. Epitou, ou kapab poze enfimyè w la kesyon sou pwogram nan.

Resous deyò yo

American Cancer Society (ACS)
www.cancer.org
800-ACS-2345 (800-227-2345)
Ofri yon dividal enfòmasyon ak sèvis, tankou Hope Lodge, ki se yon kote pou pasyan ak moun k ap bay swen yo rete gratis pandan yo ap fè tretman kansè.

American Society for Therapeutic Radiology and Oncology
www.rtanswers.org
800-962-7876
Yon gwoup pwofesyonèl radyo-onkoloji ki espesyalize yo nan trete pasyan ki ap fè radyoterapi. Li bay enfòmasyon detaye sou fason pou trete kansè avèk reyon ak enfòmasyon pou pran kontak ak radyo-onkològ nan zòn ou an.

CancerCare
www.cancercare.org
800-813-HOPE (800-813-4673)
275 7th Ave. (between West 25th & 26th streets)
New York, NY 10001
Bay konsèy, gwoup sipò, atelye edikatif, piblikasyon, ak asistans finansyè.

Cancer Support Community
www.cancersupportcommunity.org
Bay moun kansè afekte yo sipò ak fòmasyon.

National Cancer Institute (NCI) Cancer Information Service
www.cancer.gov
800-4-CANCER (800-422-6237)
Bay moun ki gen kansè yo ak fanmi yo fòmasyon ak sipò. Piblikasyon yo disponib anliy epi nan vèsyon ki enprime.

Kesyon pou w poze radyo-onkològ ou

Anvan randevou w la, li ap itil pou w note kesyon ou vle poze yo. Men egzanp kesyon yo anba a. Note repons yo ba w yo pandan randevou w la yon fason pou w kapab gade yo ankò pita.

Ki kalite radyoterapi mwen pral resevwa?

Ki valè tretman avèk reyon mwen pral resevwa?

Ki efè segondè mwen ta dwe atann pandan radyoterapi mwen an?

Èske efè segondè yo ap disparèt apre mwen fin fè radyoterapi mwen an?

Ki kalite efè segondè an reta mwen ta dwe atann apre radyoterapi mwen an?

Dènye Mizajou

Madi, Avril 25, 2023