Sa Ou Kapab Fè Pou Prevni Kansè Kolorektal

Pataje
Lè pou Li: Apeprè 3 minit

Konnen Risk Ou Genyen pou Fè Kansè Kolorektal

Yon faktè risk se nenpòt bagay ki ogmante risk ou genyen pou w trape yon maladi, tankou kansè. Ou menm oswa yon moun ou renmen gendwa gen yon faktè risk pou fè kansè kolorektal. Gen kèk faktè risk ki pa janm chanje, tankou laj ou, ras ou, istwa sante ou, ak jèn ou yo. Sepandan, gen kèk bon abitid ou kapab kòmanse adopte nan aktivite chak jou ou ki kapab diminye risk ou genyen.

Ou gendwa gen risk pou fè kansè kolorektal si:

  • Ou gen 45 lane oswa plis.
  • Ou te gen polip ki ka vin kansè (yon ti gwoup selil ou jwenn anndan kolon an) nan yon tès depistaj.
  • Ou soufri maladi entesten anfle, tankou kolit ilsere oswa maladi Crohn.  
  • Ou gen yon fanmi pre yo te dyagnostike ki gen kansè kolorektal anvan li te gen 50 lane.
  • Ou gen yon moun nan fanmi ou ki te gen lòt kansè, tankou kansè nan vant, nan kanal pipi, nan larat, nan matris, ak nan sèvo.  
     
  • Ou gen kèk chanjman ki fèt nan jèn ou yo, tankou sendwòm Lynch oswa polipoz adenomatez familyal. Pwoblèm sante sa yo se kòz ra ki bay kansè kolon ki ereditè (li nan fanmi ou).
  • Ou twò gwo oswa ou obèz.

Ras ou kapab jwe yon wòl tou nan risk ou genyen pou soufri kansè kolorektal. Pa egzanp, Ozetazini, kansè kolorektal afekte kominote moun Nwa a plis pase nenpòt lòt ras.

Kisa Sentòm Kansè Kolorektal la ye?

Kansè kolorektal la souvan devlope lantman pandan plizyè ane. Li jeneralman kòmanse tankou yon ti boul ki pa nòmal, ki rele polip, nan pawa anndan kolon an oswa rektòm nan. Gen kèk polip ki kapab vin tounen kansè. Pifò moun ki fè kansè kolorektal bonè pa santi okenn sentòm. Si w remake chanjman nan kò w, pinga ou inyore yo. Kansè kolorektal la pi souvan touche moun ki gen 50 lane e plis yo. Men, gen yon ogmantasyon ki bay kè sote nan ka yo kay moun ki nan 20tèn ak 30tèn yo. Li enpòtan pou w konnen sa ki nòmal nan kò ou yon fason pou kapab pale pou w jwenn swen.

 

Pran randevou avèk pwofesyonèl swen sante w la si w remake sentòm sa yo epi si yo dire 2 semèn oswa pi lontan:

  • Ou wè senyman ki pa nòmal nan rektòm ou oswa ou gen san nan poupou w.
  • Ou gen dyare (poupou dlo souvan), konstipasyon (ou pa ka poupou), oswa mèch poupou (fen tankou yon kreyon).
  • Ou gen yon anvi poupou ki pa vle pase.
  • Ou kapab eksplike doulè ou genyen nan vant ou an.
  • Ou ap megri vit san w pa fè jefò.
  • Ou souvan santi w fatige men ou pa konnen rezon an.

Rezon ki Fè Depistaj Kansè Kolorektal Enpòtan

Genyen plizyè kalite tès depistaj pou kansè kolorektal la. Kolonoskopi se yon tès tout moun konnen ki efikas. Li kapab detekte epi retire ti boul yo, tankou polip ki ka tounen kansè yo, nan pawa kolon w oswa rektòm ou. Sa vle di lè w fè yon kolonoskopi regilyèman, li kapab detekte ak prevni kansè.  

MSK rekòmande pou moun ki gen risk mwayen pou fè kansè kolorektal yo kòmanse fè depistaj lè yo gen 45 lane. Jwenn plis enfòmasyon sou depistaj kansè kolorektal.

Yon kolonoskopi se pi bon mwayen pou fè depistaj kansè kolorektal la. Gen lòt tès depistaj ki disponib, tankou tès ki egzamine poupou w la. Li pi fasil pou fè tès poupou a epi li kapab ede detekte kansè a. Sepandan, yo pa efikas menm jan ak yon kolonoskopi nan zafè detekte boul ki kapab vin tounen kansè. Selon rezilta tès poupou w la, pwofesyonèl swen sante w la gendwa mande w fè yon kolonoskopi.

Bon Abitid pou Redui Risk Ou Genyen pou Fè Kansè Kolorektal

Lè w gen 45 lane, se moman pou pwograme yon kolonoskopi epi fè youn chak ane.  

Nan mitan tès depistaj ou yo, MSK rekòmande bon abitid sa yo pou w diminye risk ou genyen pou fè kansè kolorektal.

  • Manje mwens vyann wouj, ki transfòme, brile, nwasi, oswa kankannen. Bakonn, òtdòg, vyann tranche, peperoni, ak janbon tout se egzanp vyann ki transfòme. Vyann ki kankannen se vyann yo kuit nan gwo tanperati sou yon flanm dife, tankou recho chabon oswa recho a gaz.  
  • Pale avèk pwofesyonèl swen sante w la pou konnen si aspirin bon pou ou. Kèk moun ki pran aspirin regilyèman oswa lòt medikaman kont anflamasyon ki pa gen estowoyid (NSAID yo) ka gen mwens chans pou yo gen kansè kolorektal ak polip.
  • Konsève yon pwa ki bon pou kò ou.
  • Manje yon varyete manje ki gen anpil fib, tankou sereyal konplè, legiminez (pwa, grenn nwa, ti pwa), fwi ak legim.
  • Limite manje ki gen sik ajoute ak grès trans oswa satire.
  • Pinga ou fimen ni konsome pwodui ki fèt ak tabak. Pwogram Tretman MSK pou Moun ki Konsome Tabak yo ede plizyè milye moun kite fimen. Pwogram nou an ouvri pou tout moun, menm si ou pa gen kansè.
  • Si w bwè alkòl, limite kantite ou bwè.

Mezi Ou Kapab Pran Jodi a

  • Dekouvri risk ou genyen pou fè kansè kolorektal.  
  • Konnen sentòm kansè kolorektal la epi pale avèk pwofesyonèl swen sante w la sou nenpòt chanjman ki fèt nan kò ou.   
  • Al fè depistaj kansè kolorektal avèk kolonoskopi regilye apre w fin gen 45 lane.
  • Kontakte klinik MSK CATCH nou an si w gen yon sendwòm kansè ereditè nou konnen, tankou sendwòm Lynch. Nou ede moun k ap viv avèk yon sendwòm kansè ereditè ki gen gwo risk pou gen kansè suiv tèt yo pou wè chanjman ki fèt nan sante yo. Siveyans deprè ak depistaj kansè regilye pèmèt nou detekte kansè a bonè lè l pi fasil pou trete.

Dènye Mizajou

Mèkredi, Fevriye 22, 2023