Radyoterapi pou Soulaje Doulè

Pataje
Lè pou Li: Apeprè 2 minit

Enfòmasyon sa yo eksplike sa ki pral pase pandan similasyon radyoterapi pou soulaje doulè a ak tretman yo. Epitou, yo eksplike efè segondè ou ka genyen.

Anvan similasyon w lan

Retire aparèy yo sou po ou

Yo gendwa mete kèk aparèy sou po ou. Anvan similasyon oswa tretman w lan, fabrikan aparèy yo konseye w retire sou po ou:

  • Glikomèt pèmanan (continuous glucose monitor, CGM)
  • Ponp ensilin

Si w itilize youn nan sa yo, mande radyo-onkològ ou a si ou dwe retire li. Si w itilize youn, asire ou pote yon aparèy anplis pou w mete sou ou apre similasyon oswa tretman ou an.

Ou ka pa konnen fason pou w jere glikoz ou pandan aparèy ou a fèmen. Si se sa, anvan randevou w la, pale avèk pwofesyonèl swen sante k ap jere dyabèt ou a.

Pandan similasyon w lan

Similasyon (ki rele seyans planifikasyon tou) se yon demach pou planifye radyoterapi ou yo. Yo fè li pou planifye kote ou ap fè tretman an, asire w resevwa dòz (kantite) reyon ki apwopriye a, epi limite kantite reyon ki ale nan tisi ki toupre yo.

Pandan similasyon w lan, nou ka fè yon moul pou yon pati nan kò ou (gade Imaj 1 an).

Imaj 1. Egzanp moul radyoterapi

Imaj 1. Egzanp moul radyoterapi

Ou ap itilize moul la pandan similasyon w lan ak tout tretman ou yo pou ede w rete an plas epi asire w rete nan menm pozisyon an chak fwa. Pou fè moul la, sa ap pran anviwon 15 minit.

Pandan tretman ou an (yo)

Yon manm pèsonèl la ap mennen ou nan sal tretman an. Lè w rive, radyoterapet la ap resevwa w epi li ap ede w monte sou tab tretman an (gade Imaj 2 a). Li pral mete w nan pozisyon egzakteman fason ou te ye pandan similasyon w lan. Apresa, tretman w lan ap kòmanse.

Imaj 2. Egzanp machin radyoterapi

Imaj 2. Egzanp machin radyoterapi

Ou ap nan sal tretman an pandan 15 a 90 minit, selon plan tretman w lan. Li ap pase pifò tan sa a nan asire li ou nan bon pozisyon an. Radyoterapet la pral fè antre soti nan sal la, men li ap kapab wè w ak tande ou pandan tout tan tretman an ap fè.

Efè segondè

Li posib pou w gen kèk efè segondè pandan w ap fè tretman yo oswa apre w fin fè yo. Efè segondè ou genyen an (yo) depannde kote nan kò ou w ap fè tretman an. Si w genyen ef segondè, asire w di yon moun nan ekip radyoterapi w la sa. Nou ap ede w jere yo.

Ou gendwa genyen youn (1) oswa plizyè nan efè segondè sa yo:

  • Anvi vomi oswa vomisman: Anvi vomi an se lè w santi w ka vomi. Ou ka gen anvi vomi, vomisman, oswa toude pandan tretman w lan. Nou gendwa preskri ou medikaman kont anvi vomi an pou anpeche sa rive. Ou ap pran medikaman an 30 minit anvan w fè chak tretman.
  • Ezofajit: Ezofajit se lè ezofaj (tiyo manje) ou irite oswa anfle. Li kapab fè w gen difikilte pou w vale oswa doulè lè w vale. Si ezofaj ou twouve li nan zòn kote w ap fè tretman an, ou ka gen ezofajit apati anviwon yon (1) semèn apre w fin fè tretman an. Ezofajit la kapab dire jiska yon (1) semèn. N ap di w fason pou w jere li.
  • Chanjman nan poupou: Pandan w ap fè tretman an, poupou ou ka vin pi mòl oswa ou ka poupou pi souvan pase jan w abitye poupou a.
  • Reyaksyon sou po: po ou gendwa vin wòz oswa bwonze nan apeprè 2 a 3 semèn tretman. Ofiyamezi ou ap kontinye tretman an, li ka vin wouj vif oswa fonse anpil. Epitou, ou ka santi li blanch epi ap grate ou epi li ka fè kal. Ou ka sèvi ak losyon pou po blanch (tankou Eucerin®) pou ede kenbe li idrate. Lè w mete krèm solèy pou pwoteje po w kont solèy la, sa ap itil tou. Reyaksyon sou po sa yo ap kòmanse amelyore tikal pa tikal apeprè 3 oswa 4 semèn apre w fin fè tretman an.
  • Epizman:Epizman an se lè ou santi ou fatige oswa fèb, ou pa vle fè anyen, ou pa kapab konsantre, oswa ou santi ou lan. Epizman an kapab kòmanse tou piti epi li vin grav. Ou gendwa vin gen epizman pandan oswa apre tretman an, epi li ka dire 6 semèn a yon (1) lane apre w fin fè tretman an.
  • Pouse doulè ak anflamasyon nan zòn kote ou ap fè tretman an: Pouse doulè a se lè doulè a ogmante pou yon ti moman. Kote yo ap fè tretman ka vin anfle oswa li ka vin gen doulè pandan w ap fè tretman an. Nou gendwa preskri w medikaman pou pèmèt ou jere sa.

Dènye Mizajou

Mèkredi, Janvye 6, 2021